Ki sipriz konpa a ap ban nou apre Zafèm?

 

Malgre anpil pwoblèm peyi dayiti ap andire, Ayisyen pa janm bouke enspire pou pote bel konpozisyon ak melodi pou tout nasyon an, e n ka di tout mond lan paske, de no jou, se pa selman Ayisyen ki danse, tande e jwe konpa…Byenke n konnen mizik an jeneral se youn nan mwayen ki pi efikas pou ayisyen fè pase revandikasyon li; Se nan menm sans lan ke yon jèn gwoup ki rele Zafèm, gwoup Dener Ceide ak Reginald Cange a, te vini ak yon revolisyon nan koze albom konpa. Yon albom ki reve nostalji ak fwison lakay tout nouvo meloman e sitou ansyen meloman yo. Pami mizik sa yo nou ka site: – Dlo dous – Ala de ka – Abracadabra ak anpil lot.

Men apre diskisyon, refleksyon albom sa pote, se ki lòt gwoup ayisyen kap vin fè plis ke sa? 

Leave a Reply