Imigrasyon dominiken depòte komedyen Matyas Dandò an Ayiti, vandredi 11 novanm 2022 a.Nnan vag depòtasyon lidè Repiblik Dominikèn yo te komanse nan dènye semèn yo kont migran ayisyen k ap viv nan peyi vwazen sa a.
Yon foul moun te bat bravo pandan l t ap desann kamyon imigrasyon dominiken an, komedyen Matyas Dandò ki genyen bon non li : Jean Frantz Toussaint te oblije rantre nan peyi natal li.
Malgre Ajans Nasyonzini pou Refijye yo (UNHCR) te mande, sitou Repiblik Dominikèn, pou sispann depòtasyon imigran ayisyen yo, otorite dominiken yo pa gen entansyon sispann politik depòtasyon li yo. Se konsa komedyen Matyas Dandò te mete deyò sou teritwa dominiken, pami plizyè milye imigran ayisyen ki soufri menm sò a.
Nap fè w sonje ke Jean Frantz Toussaint alyas Matyas Dandò ap evolye nan Repiblik Dominikèn depi janvye 2020 depi le rejim Jovenel Moïse la tap pèsekite atis la ki te yon opozan feròs pou pouvwa “Tèt Kale” dezyèm vèsyon an.



