Lapolis te rive envesti tèminal petwòl Vare a jou jedi 3 novanm sa a. Yon premye fwa depi septanm 2022 kote vare te enkontrolab.
Ti mesye ki tap kontrole espas sa ki gen nan tèt : Jimmy Chérizier alias Babèkyou te bloke aksè ak tèminal la sou tout fòm. Yo te kondisyone reouvèti enfrastrikti sa ak depa chèf gouvènman an ki Ariel Henry. Blokaj sa a te mennen yon paralizi total nan peyi a e prensipalman nan sektè komès la.
Nap raple n ke tèminal vare a se la yo estoke twaka petwòl kap konsome nan peyi a.
Eske PNH la ap ka jere kontwòl sa a yon fason pou popilasyon an ka ralon mye?