Nan fin ane 2020 pou rive nan 20221 nou viv yon moman kote ke mond lan konnen ampil gro chanjman sou tout plan men espesyalman sou plan medikal ak enfomatik/entenet. Jodi nou konstate ke enfomasyon vin pi fasil pou sikile; majorite tranzaksyon ki te mande ampil efo tankou travay, lekol ak fe acha vin desantralize, modenize, digitalize e ki san dout ki komplike lavi yon seri lot paske pa gen avantaj san enkonvenian. Aktivite ki te baze sou prezans fizik vin a 90 pousan pa vityel, setadi fet apati de entenet. Avanse teknonolojik la gen move kote e l gen bon kote tou: Jodi a ampil group mizikal ap fe konse an lin; gen de lot moun menm ki proklame tet yo atis paske yo benefisye de atou entenet la… Men eske vreman nou ka di sa ampil moun ap fe sou net la se mizik? Ok. Si se mizik eske nou ka di se mizik ayisyen yap fe ou byen sa yap fe a pote yon bagay an plis pou mizik ayisyen an?
Dapre mizikolog yo mizik se yon aktivite atistik ak kiltirel ki baze sou konbinezon son ak silans nan yon dire de tan ki byen mezire.
Avan 1804 mizik ayisyen an potko egziste. Sou tan kolonizasyon, kolon yo te debake komple nan koloni a. Setadi yo te vini ak tout relijyon yo, mes yo, e san dout mizik yo tou nan Sen Domeng. Menm istwa a pwal repete le Afriken yo te vini pa fos. Nou sonje apre ke kolon yo te fin touye denye res aborijen yo, yo te mete kap yo sou lafrik al cheche nwa pou vin mete nan esklavaj yon fason pou yo ka kontinye fe piyaj ak eksplwatasyon sou zile a.
Kategori mizik sa a ki se mizik rasin, makonnen kot lonbrit li ak istwa peyi a depi nan kilti zanset yo, kilti afriken an, jiska jounen jodi a. Ayisyen souvan itilize rit mizik rasin nan pou fe pase sal santi, pou montre rev li ak doule l. Yo itilze rasin nan pou fe pase revandikasyon sosyal ak politik yo, yo itilize l pou montre kiles yo ye e ki kote yo soti. Gen yon proveb ayisyen ki di konsa : “ Depi ayisyen tande tanbou fwape fol leve danse e l te met te paste lap bat zotey li”. Mwen pa itilize proveb la pou farouche peson men pou m devwale relasyon sosyal ak kiltirel ki relye ayisyen an ak lakay li, ak tradisyon l.Donk jan m te di pi wo a se yon fason pou montre koman tanbou a ki se enstriman fondamantal e prensipal mizik rasin yo fe efe e fwape ayisyen an jis nan nanm li.
2021-05-16
Ce commentaire a été supprimé par un administrateur du blog.
Ce commentaire a été supprimé par un administrateur du blog.
Ce commentaire a été supprimé par un administrateur du blog.
Ce commentaire a été supprimé par un administrateur du blog.