
Mesi e byenvini ¡
Yon dimanch matin 25 avril 2021, yon tan byen kalm,yon soley byen dous melanje ak yon ti van byen fwe kap soufle, nou chita ansanm, mwen menm BLAY, HUGUENSON ak PATRICK nap refleshi, nap brase lide sou kilti nou, sou sa ki dwe fet pou ansenye e fe plis moun nan mond lan konnen e enfome de kilti nou, nou menm AYISYEN. Apre ampil deba ak ampil propozisyon nou poze yon premye aksyon ki se kreasyon de blog sa a ki rele : JEPA W ki se yon espas Ayisyen ki gen pou objektif premye : fe promosyon kiltiAyisyen an sou aspe mizik, teat, dans, poezi, literati, eskilti, penti elatriye.
Nou pa Selman gen objektif sa a men nou la tou pou enfome w ak fome w pandan nap fe prezantasyon, dekouvet ak analiz sou diferan atis ak ev atistik yo nan lide pou n mete projekte ak limye sou diferan talan ak tandans atistik nou yo. Konsa nou seten nap travay pou n evite tout kalite deriv ke nou tout konnen kap travese kilti nou an swa nan: mizik la, teat la, dans lan elatriye.
Nou konsian ke travay la ampil e nou pa gen entansyon ke nou kapab fel pou kont nou. Nou bezwen patisipasyon tout atis, tout fanatik, tout konese sou zafe kilti ak sipo tout popilasyon an ak kolaborasyon tout lot bloge kap travay nan menm sans sa oubyen yon lot men sifi ke travay nou gen menm finalite. Se pou sa nap di w mesi davans paske w pwal pataje, komante ak layk atik nou yo; konsa tou nap cheche .
Pou pemet ke travay nou an ale pi lwen e touche plis moun, Blog sa a (JEPA W) gen prezans li sou preske tout rezo sosyo yo tankou: Facebook, Instagram ak Youtube. Apre ou fin li prezantasyon sa a, fe yon koudey sou tout paj nou yo pou w suiv nou, abone ak nou pou w ka kontribye nan bel travay sa e pou w pemet lot zanmi w konnen plis de travay sa e kilti nou an ki se yon espas rich onivo mizikal, teatral, poetic elatriye.
💞💝Franchman sete yon moman adorab e inoubliab. Yon moman de kouraj kote nou konsian ke ampil moiun tankou nou ki vle e ki espere yon gran chanjman nan peyi a notamman nan kilti nou. Pou selebre moman sa a nou te pete yon chanpay ke m envite w pran pa w.

Mesi mw renmen travay la. kembe e sikse.