Nan yon deklarasyon, dimanch 6 novanm sa a, ansyen polisye Jimmy Chérisier, konvèti an lidè kowalisyon gang ame ki pi pwisan nan peyi a, pran lapawòl sou liberasyon sant depo gaz la, ki chita nan Tèminal Vare ki se youn nan zòn G 9 kontwole yo.
Babèkioue demanti e li di l pat voye pèson n moun al pale ak gouvènman an sou deblokaj tèminal la. Pou n repete deklarasyon Babèkiou li te di : “Nou (G-9 an Fanmi e Alye) te pran desizyon sa a ant nou,”
Kidonk, li mande chofè kamyon yo ak moun ki konsène yo pou yo pran tout dispozisyon pou pèmèt rekòmanse aktivite nan Tèminal Vare pou yo bay ponp yo gaz.
Anplis de sa, li deplore ke aktè sosyete sivil ak politik yo poko rive dakò sou yon pwen, pandan ke peyi a kontinye ap vale teren nan kriz politik ak soyal sa a.
Pandan ke lidè gang Jimmy Chérisir di li pa te voye okenn reprezantan pou negosye ak gouvènman an, Dr Harrison Ernest, lidè pati Konstwi Lavi, endike sou CNN ke li te jwe wòl medyatè ant Premye Minis la ak kowalisyon G-9 nan kontèks la nan negosyasyon yo ki te mennen nan debloke Tèminal Vare.