Batè e Youn nan Papa Fondatè Gwoup Mizik TABOU COMBO, Herman Nau, Mouri !

Herman Nau batè fondatè group Tabou Combo


Herman Na batè lejandè e youn nan papa fondatè gwoup mizik Tabou Combo mouri dimanch 25 jiyè 2021 a 4 p.m. nan lopital Methodist nan Brooklyn, New York. Li te viktim de yon aksidan vaskilè serebral le 11 Jiyè dènye.



Kiles Herman Nau te ye?

Herman Nau fènan vil Okay, li te lekol Petyonvil  nan yon lekol ki te rele : “ Le creuset musical d’HAiti. Trè jèn, Herman Nau te komanse manifeste lanmou li pou aktivite atistik yo tankou : penti ak mizik sitou nan mizik li te jwenn soutyen yon gran frè l ki te konn jwe akodeyon. De sizyèm a bakalorea, lanmou li pou mizik te vin grandi plis, se konsa li te komanse jwe tronpèt nan yon fanfa. Herman Nau pwal pran filing e adopte batri kom enstriman predileksyon li se petyonvil nan yon fèt patronal pandan yon group ki rele : “l’orchestre de Raul Guillaume

Soti nan “les incognitos” al nan  “Tabou Combo”


Istwa Tabou Combo kòmanse an 1967. Herman Nau ak bon zanmi li ki te tankou yon frè pou li ki rele : Albert Chancy, ansanm yo kreye “ les incognitos. Apre premye siksè yo nan yon legliz, Tout moun tout kote tap mande pou òkès nan kapital kou provens e menm nan Radio Ayiti a lepok.

Se konsa Gwoup la vin gen ampil moun dèyè l, e trè popilè. Rive nan moman sa a, yo deside bay group la yon non ki dwe reprezante fos ak lavi. Se konsa Albert Chancy vini avèk “ Tabou” e Herman Nau ajoute “ Combo” se konsa nou vin gen eritaj mizikal sa a ki rele :TABOU COMBO.

Apre yon ti repo an 1970, Herman Nau refòme gwoup la ak Jean-Claude Jean, Raymond Kapi. Yo akeyi Dadou Pasquet, ki pwal fonde Magnum Band alavni.

Avèk evolisyon tan an , Tabou Combo pran plas pal la nan promosyon kompa men nan kilti ayisyen nan komyon patrimwan. Tabou combo se yon Gwoup ki fè diferans ak tout lot nan fason ke li jwe, nan tempo li jwee nan model koral li san n pap bliye orijinalite vwa chantè yo. Se yon Group ki trè demande sou sèn entènasyonal la sitou ozantiy.

Lanmo Herman Nau se yon gwo pèt pou Tabou Combo, pou mizik ayisyen an.

Pandan plizyè dizèn ane li tap travay pou fè rout pou kompa a sal ye jodia a la. Anote ke Tabou Combo se yon modèl nan sa ki rele disiplin ak respete prensip. Tabou Combo pat sè kompoze mizik pou bel marabou kreyol nou yo tankou : “Bebe paramount”; men yo te konn chante problèm peyi a ak move sityasyon ke peyi a ap travèse, kom pa egzanp : “Pou yo” ki se yon kompozisyon ki d’aktoualite.


Foto Herman Nau



1 Comment

  1. LuckyClub – Best Casino site for slots
    Luckyclub provides many online casino games and slots. We have hundreds of them and over 100 slot games to choose from. We have them all here! Lucky club luckyclub Casino

Leave a Reply