Carimi se yon group kap jwe mizik Ayisyen depi an 2001 depi lè l te fonde. Trio sa a te genyen twa chantè : Carlo Vieux, Richard Cavé ak Mickaël Guirand melanje ak kèk bon lot mizisyen ki tap akonpanye yo . Se konsa apre anpil sikse an Ayiti e aletranje, group la rive te kraze an Jiyè 2016 kote chak chantè yo te oblije fè chimen pa yo.
Gwoup Mizik Carimi a gen pou l reyini ankò, prèske sis (6) ane apre yo te kraze. Group Carlo Vieux, Richard Cavé ak Mickaël Guirand anonse ke yap prezan a Pari, pou yon konsè nan Accor Aréna jou kap 15 oktòb 2022 a. San nou pa bliye ke Carimi se youn nan group ke moun la Frans te renemen anpil e sitou o zantiy.
Ranvwaye plizyè fwa, konsè sa a ki dwe reyini chantè prensipal gwoup Carimi a ta dwe finalman dewoule oktòb pwochen. Sou rezo yo, Carlo Vieux, Richard Cavé ak Mickael Guirand te anonse evènman sa a ki te pwograme pou 15 oktòb, nan Accor Arena, nan Pari.
Anvan group la te fon n, Carimi te youn nan gwoup mizik ayisyen ki te pi popilè, sitou nan rejyon lòt bò dlo nan Karayib la. Anpil chante gwoup mizik sa a souvan gaye sou bouch kèk etranje ki pale fransè.
Atravè reyinyon sa a ki te tann pou fen ane sa a, divès chante ki te fè gwo epòk fòmasyon mizik sa a pral san dout se premye moun ki te chante.
Sa ke anpil moun ap poze tet yo kom kesyon : Eske group la ap refome pou tout bon ou byen se yon se selman yon sware retrouvay yo pral ofri fanatik malad Carimi yo ak meloman yo ?
Konsa gen lot moun ki ale pi lwen poiu mande, si tout fwwa Carimi ta refome kisa kap pase ak KAI e VAYB ? Kom nou konnen tou ke tou 2 group sa yo ap fe chemen yo san problem.
Donk se sel tan an kap ban nou yon repons.