ESKE KONPA SE SEL RIT MIZIK AYISYEN ?

 

             Nan fin ane 2020 pou rive nan 20221 nou viv yon moman kote ke mond lan konnen ampil gro chanjman sou tout plan men espesyalman sou plan medikal ak enfomatik/entenet. Jodi nou konstate ke enfomasyon vin pi fasil pou sikile; majorite tranzaksyon ki te mande ampil efo tankou travay, lekol ak fe acha vin desantralize, modenize, digitalize e ki san dout ki komplike lavi yon seri lot paske pa gen avantaj san enkonvenian. Aktivite ki te baze sou prezans fizik vin a 90 pousan pa vityel, setadi fet apati de entenet.             Avanse teknonolojik la gen move kote e l gen bon kote tou: Jodi a  ampil group mizikal ap fe konse an lin; gen de lot moun menm ki proklame tet yo atis paske yo benefisye de atou entenet la… Men eske vreman nou ka di sa ampil moun ap fe sou net la se mizik? Ok. Si se mizik eske nou ka di se mizik ayisyen yap fe ou byen sa yap fe a pote yon bagay an plis pou mizik ayisyen an?
pi devan nou pwal we sa.

Mizik definisyon e konsepsyon    

              Depi mond lan egziste moun te toujou jwe mizik e chante. Zanset nou yo tankou ampil moun nan lot nasyon te konn itilize plizye teknik pou yo fe mizik, e yo te konn itilize l nan plizye okazyon : tankou pou yo fe rasanbleman, nan legliz, nan lekol e menm nan seans tretman…Pou kreye kadans nan mizik yo a, pou ritme li; yo te konn bat men yo, fwape pye yo, fwape 2 roch ou 2 moso fe melanje ak chan ki kompoze ak melodi tipikman folklorik. Yon tradisyon ke jiskaprezan ampil tribi an afrik itilize e menm an Ayiti sitou le timoun yo ap jwe nan moman plen lin. Donk se sa ki fe li tre difisil e menm emposib pou mizikolog yo sitye orijin mizik nan listwa limanite, setadi bay yon dat egzat pou di men ki le e ki kote mizik pran nesans. Men pou retrase istwa mizik , mizikolog yo suiv istwa 2 eleman fondamantal e esansyel sa yo ki toujou prezan nan kreasyon mizik depi egzistans limanite ki se : Rit ak Melodi ki se 2 pilye nan kompozisyon mizikal akote Amoni.  Histoire de la musique

ki jan yo defini mizik 

                Dapre mizikolog yo mizik se yon aktivite atistik ak kiltirel ki baze sou konbinezon son ak silans nan yon dire de tan ki byen mezire. 
              Se yon aktivite kreyatif e ekonomik ki pa Selman chita nan domen atistik la men ki gen gro relasyon kiltirel e politik ak sosyete kote yo pwatike li a. Sou yon lot ang, mizik se yon aktivite sikoterapetik paske li ede ampil moun rekonfote yo, pase estrés yo ak la pen yo konsa tou li mete chagren ak tristes nan ke ampil lot moun suivan ekspresyon mizik la o emosyon ki degaje nan mizik la. Efe yon moso mizik fe le wap tandel, diferan de yon moun a yon lot.Se vre sansasyon sa yo gen ampil tre komen lakay tout et imen; men kiltirelman mizik chak pep rete espesyal e original paske mizik sa a pote tras kiltirel pep la e li pa gen menm rit la, menm koule a, menm sans lan, sitou le l marye ak poezi, de yon kilti ak yon lot. Se apati de la ke istwa mizik pale de: mizik afriken, mizik ameriken, mizik jamaiken e mizik ayisyen…

 Definition de la musique. 

Mizik ayisyen 

              Avan 1804 mizik ayisyen an potko egziste. Sou tan kolonizasyon, kolon yo te debake komple nan koloni a. Setadi yo te vini ak tout relijyon yo, mes yo, e san dout mizik yo tou nan Sen Domeng. Menm istwa a pwal repete le Afriken yo te vini pa fos. Nou sonje apre ke kolon yo te fin touye denye res aborijen yo, yo te mete kap yo sou lafrik al cheche nwa pou vin mete nan esklavaj yon fason pou yo ka kontinye fe piyaj ak eksplwatasyon sou zile a.
               Rive nan sen domeng, esklav sa yo te vini ak tout relijyon yo,tradisyon yo, mes yo ak tout kilti yo; evidamman mizik pa yo tou. Donk moman sa yo kontribye nan sa nou ka rele : pre istwa mizik ayisyen an. Ayisyen potko gen mizik prop a yo menm paske Ayiti potko egziste diplomatikman palan.
Mizik ayisyen an pwal pran nesans nan menm dat ak literati ayisyen an jou kite premye janvye 1804 la ki se jou endepandans Ayiti. Premye moso mizik ayisyen se Im nasyonal la ki rele tou “ La Dessalinienne” ke Justin Lherisson te ekri teks la e Nicolas Geffrard te ba li melodi Tande Im Nasyonal la.  
Byen ke mizik te toujou egziste depi “le monde est monde”, mizik ayisyen pran nesans gen yon istwa vreman long men ki ofisyelman kreye apre endepandans ayiti. Si tout pep sou late fe mizik e gen prop estil mizik yo lakay yo, e nou menm ayisyen ki rit, ki tandans kisa ki se mizik ayisyen ?
              Depi wap pale de mizik ayisyen, rapidman ou we 2 mo sa yo kap goumen pou youn paret plis ke lot: KONPA ak RASIN
              Donk mizik ayisyen an gen 2 gran kategori ritmik, 2 gran kategori jan mizikal: KONPA ak RASINChak kategori sa yo sibdivize an plizye estil mizikal ki tre reprezantatif e tre remakab nan fason yo jwe (tan ak mezi) e ak konbyen enstriman ke yo jwe. An 1955 Nemours Jean Baptiste kreye “KOMPA” ki se youn nan ritmik ayisyen ki plis popile aktyelman. KOMPA se yon mizik pou danse, yon mizik ambyans. Li pran plizye fom avek tan an. Gen kompa direk, kompa manba, konpa rousi, konpa makiavel, konpa ke kal ak kompa lov… Premye group mizikal ayisyen ki jwe konpa rele: “Orchestre aux calebasses “ ki apre kek tan pwal chanje non l an : “ Ensemble de Nemours Jean Baptiste” ki te genyen kom enstriman yon : saksofon, yon guita akoustik, yon akodeyon, plizye tanbou ak kek lot enstriman pekisyon. Kom nou konnen deja, ayisyen pa selman genyen konpa kom eritaj mizikal men yo genyen tou: mizik rasin yo.Mizik rasin yo ki se mizik ki soti nan folklo ayisyen an, se youn nan tandans mizikal ayisyen ki plis neglije. Li gen plizye estil mizikal ladanl tankou : Rara, Petro, Yanvalou, Nago, Nago, Kongo ak ampil lot…

               Kategori mizik sa a ki se mizik rasin, makonnen kot lonbrit li ak istwa peyi a depi nan kilti zanset yo, kilti afriken an, jiska jounen jodi a. Ayisyen souvan itilize rit mizik rasin nan pou fe pase sal santi, pou montre rev li ak doule l. Yo itilze rasin nan pou fe pase revandikasyon sosyal ak politik yo, yo itilize l pou montre kiles yo ye e ki kote yo soti. Gen yon proveb ayisyen ki di konsa : “ Depi ayisyen tande tanbou fwape fol leve danse e l te met te paste lap bat zotey li”. Mwen pa itilize proveb la pou farouche peson men pou m devwale relasyon sosyal ak kiltirel ki relye ayisyen an ak lakay li, ak tradisyon l.Donk jan m te di pi wo a se yon fason pou montre koman tanbou a ki se enstriman fondamantal e prensipal mizik rasin yo fe efe e fwape ayisyen an jis nan nanm li.
              Ampil moun ki ekri sou mizik ayisyen toujou pale selman de kompa; petet se paske kompa a plis an vog, plis ap mennen. Byen ke nou tout konnen tou gen yon politik kiltirel defarab ak mizik rasin nan tou. Pwen sa a nap tretel nan yon lot atik paske li tre vas e gran…Se vre konpa gen plis envestisman ladanl a tout nivo men menm jan an tou patrimoine mizik ayisyen an genyen RASIN tou kom yon ansanm ritmik varye e rich: PETRO, YANVALOU, NAGO, IBO…  Youn nan mwayen ki pi efikas pou yon pep montre kiles li ye, pou li valorize tet li, pou li montre kotel soti; se MIZIK.Yon tandans mizikal jodia ki nan rout poul disparet si ayisyen pa panche sou problem sa ke indistri mizik ayisyen an ap soufri presizeman mizik RASIN nan.
             Kilti yon pep paret vizib sou plizye aspe’ youn nan yo ki plis fwapan e plis fwajil se: MizikLi fwapan paske li se yon mwayen trezefikas pou fe edikasyon ak sansibilizasyon konsa se tou li fwajil nan move itilizasyon li.      Edikasyon sivik yon pep ka fet tre byen gras ak mizik si nou konn koman nap itilize A sa a ki son eritaj de gran kreate a. Pandan mzik se konbinezon son ak amoni, li se yon atou impotan tankou: Penti, Eskilti, Teat, Dans, Relijyon elatriye paske li pote ampil avantaj sou plan antropolojik ak sosyopolitik e menm ekonomik sin ta vle pran kom ekzanp : Kanaval ayisyen an.

5 Comments


Leave a Reply