Se avèk anpil dlo nan je jou ki te 2 novanm 2022 a ke fanmi Michael Benjamin, youn nan atis ki te pi polivalan nan mizik Ayisyen an , chante yon fineray prive nan memwa atis la. Nap raple nou ke Mikaben te tonbe e pèdi lavi li a 41 daj apre li te fin pèfome nan youn nan pi gro konsè ki te fèt nan mond lan jou ki te 15 oktob 2022 a nan peyi lafrans.
Lanmo sa a afekte tout mond lan. Anpil lot peyi voye senpati yo bay Pèp Ayisyen an men pli dirèkteman bay fanmi Benjamin.
Pou n repete l menm jan nan not sa ke fanmi an fè soti : ” Lavi Michael Benjamin , Mikaben, pwal selebre dimanch kap 6 novanm nan sant kiltirèl Miramar ki nan Florida peyi Etazini a inè nan apremidi.
Eske ap gen yon seremoni ofisyèl an Ayiti?
Nou poko konnen. Men li tap vrèman enpotan pou l fèt paske Mikaben te toujou montre e manifeste lanmou li pou Peyi li ki se AYITI.
Mesi pou atik la. Men mwen ta souete yon fè yon antèman Ayiti kanmenm.