Pou Ayisyen, soup joumou se sinonim ak libète. Istwa a rakonte ke pandan period kolonyal franse an Ayiti, Opresè yo te fòse Afriken ki te esklav yo kiltive kalbas ak joumou men yo pa te gen dwa manje l.
Lè Ayisyen te pran endepandans yo nan dat Premye janvye 1804, yo te manje soup joumou pou fete ki senbolize libète yo. Fòmil pou fè soup la varye yon ti kras nan fanmi an fanmi men daprè kèk rejyon nan peyi a, men anjeneral se joumou, vyann bèf marinen nan yon epis byen sezonnen ak zonyon, piman, kèk lòt fèy melanje ak bannan, patat, yanm, manyòk ak bòy san n pa bliye yo toujou mete yon varyete lòt legim ladan l tou tankou chou karòt elatriye.
Se Cindy Similien, yon otè ayisyen-ameriken ak defansè kominote a, ki te adapte vèsyon klasik sa a nan “Ann pale manje ayisyen: Istwa dyaspora ayisyen an sou Cuisine, Kominote ak Kilti”. yo toujou ajoute nan soup la tou vèmisèl ak boulèt endijèn. Bouyon sa a se yon manje ki ka fèt nan Jou Endepandans ayisyen an, oswa pou nenpòt lòt okazyon espesyal.
Suivan tradisyon ayisyen lè ou bwè soup joumou, enèji ak vitamin ou pran nan soup la kapab rete nan kò w pandan tout yon ane…
Soup Joumou ke yo sèvi chak ane plipresizeman premye janvye pandan nasyon ayisyen an selebre Endepandans li, se youn nan manje ki pi gou e li gen anpil enpòtans nan kilti ayisyen an.