“Peyi Nou Ka Chanje” Se tit liv sa ke yon otè ayisyen-ameriken ki rele : Monano Pierre-Paul ekri an 2019.
Nan liv sa a , otè a mete an sèn yon ti pyès teyat setadi yon esketch kote 6 pèsonaj prensipal yo pale sou sitiyasyon sosyal, ekonomik ak politik peyi yo ak sou fason yo chak ta apwoche chanjman ki nesesè an Ayiti.
Daprè kèk nan temwayaj yo te bay Monano, yo te di l ke liv sa a se premye pyès teyat kreyòl ke anpil Ayisyen te li, e li gen bonjan kritik…
Li se yon liv trè amizan ke ou pral jwi depi nan kòmansman rive nan finisman. Nou ankouraje w li l paske li gen anpil bel leson ladanl kap ede n konprann e analize sak ap pase nan peyi dayiti.
Se pou sa Otè a pèmèt nou pote gro kado sa a pou nou ki se :
“Peyi nou ka chanje”
Ou pwal gen chans telechaje chaje liv sa a gratis, nou di w byen, gratis;yon fason pou w ka nan bibliotèk prive w e genyen l tou kom yon eritaj nasyonal.
Nap di mèsi a otè liv sa ki te ekri l e ki pèmèt nou mete l disponib pou ou san yon pyas paske li kwè se youn nan meyè fason pou l ede peyi l e kontribye nan devlopman tout ayisyen ap chèche a.
Klike sou bouton rouj ki anba a, abone ak chanel la epi liv ou deja nan men w wi :