Plis Pase Yon Santèn Dominiken ak Ayisyen Arete nan Trafik ilegal Gaz

Otorite dominiken yo arete wikenn sa a nan Dajabón plis pase yon santèn moun, pami yo dominiken ak ayisyen ki enplike nan trafik ilegal gaz. Yo te sezi trant machin tou.
Apre travay sèvis entèlijans lame Dominiken an, yon vas operasyon konjwen te fèt ak patisipasyon ajan CECOM ak sòlda CESFRONT pandan yo te arete kontrebandye ayisyen ak dominiken.
Kontrebandè sa yo te itilize machin sa yo pou transpòte gaz ilegalman ann Ayiti. Otorite dominiken yo sezi gwo kantite lajan, gaz, ansanm ak plizyè douzèn motosiklèt k ap fè kontrebann.
Moun yo te arete ak materyèl otorite dominiken yo te sezi yo te mennen yo nan fò Beller de Dajabón pou kontinye pwosedi legal la.

Leave a Reply