Samdi kap 5 novanm 2022 a yon gro vèy pral fèt nan Monreyal pou Mikaben ki gen bon non li ki se Michael Benjamin. Fòk nou raple n ke Mikaben ki se yon atis Kanadyen-Ayisyen, te mouri toudenkou a laj 41 an avèk drapo Ayisyen an pase nan kou li apre li te fin pèfòme nan yon konsè nan peyi lafrans pli presizeman a Paris. Ta sanble ke chantè a te soufri yon kriz kadyak sou sèn nan Pari le 15 oktòb 2022 a.
Veye a ap fèt ant 6 pm ak 8 pm Samdi nan plas Émilie-Gamelin, ki chita nan kafou lari Sainte-Catherine ak Saint-Hubert. Ekip òganizatè a, ansanm ak Paul Toussaint, envite manm piblik la pote yon bouji.
” Nou pa vle ale twòp nan sans antèman. Nou vle selebre lavi li pito, rann omaj ba li epi pataje amitye nou pou li. Li te yon moun ki te renmen kilti e ki te vann kilti ayisyen atravè lemond”, se konsa Paul Toussaint, ki te chèf egzekitif nan Agrikol anvan lanse pwòp restoran pa l.
“Nap mete mizik li, video, kèk temwayaj, pase moman sa avèl avan li fini, avan kò li ale, li kontinye. Mizik li ak kilti li yo tèlman rich, li pral rete avèk nou jiska dènye jou nou yo”.



